January Severe Weather Updates For Recovery Information

Emergency Info for Idalia Emergency Info for Idalia

Tropical Storm Nicole For Recovery Information

Hurricane Ian For Recovery Information

Public Notices Read Here

Ki sa maladi viruscorona 2019 ye (COVID-19)? - (Creole)

3/11/2020

Ki sa maladi viruscorona 2019 ye (COVID-19)? - (Creole)

Ki sa maladi viruscorona 2019 ye (COVID-19)?

Maladi VirusCorona 2019 la (COVID-19) se yon maladi poumon ki ka transmèt nan kontak moun ak  moun.  Virus ki koze maladi sa a yo rele li COVID-19. Se yon maladi yo fenk dekouvri pandan envestigasyon ki tap fet le epidemi an dekalntche nan peyi Wuyan, Lachinn.

Eske moun kap viv Etazini ka pran nan COVID-19?

Wi.  COVID-19 la ap pwopaje de moun an moun nan plizyè pati Etazini an deja.  Risk pou enfeksyon COVID-19 lan wo anpil pou moun ki antre an kontak dirèk ak yon moun ki enfekte deja ak maladi a, tankou sila yo ki travay nan chan medikal oubyen sila yo ki abite menm kote ak yon moun ki enfekte deja.  Moun ki gen plis chans tou pou pran maladi a se sila yo kap viv nan menm antouraj oubyen sila yo ki fenk vizite yon kote maladi COVID-19 lan  deja ap gaye.  Kidonk, aprann plis pou nou konnen ki kote ki deja afekte deja nan adrès sa a:   

https://www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov/about/transmission.html#geographic.

Eske gen ka COVID -19 yo deja dekouvri nan Etazini ?

Wi. Premye ka maladi COVID-19 la yo te rapòte pou Etazini se te 21 Janvye 2020. Si nou vle konnen ki valè ka ki deja rapòte pou jounen joidya sou COVID-19 nan peyi Etazini, enfòmasyon sa disponib nan sit Ministè Lasante a (CDC) ki se: https://www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov/cases-in-us.html.

Kòman maladi COVID-19 lan pwopaje?

Virus la ki koze COVID-19 jwenn sous li pami zannimo, men yo reyalize konnyèa l’ap pwopaje de moun an moun.  Virus la sanble l’ap pase de moun an moun konyèa, moun ki nan distans anviwon 6 mèt konsa ak yon moun ki afekte. Li transmèt ak yon goutlèt ki pwodwi lè yon moun ki enfekte touse oubyen estène sou ou.  Li posib tou pou yon moun ka afeklte ak COVID -19 lan nan touche yon kote oubyen yon objè kote virus la chita epi apre  sa menm moun sa touche bouch li, nen li oubyen je li tou.  Men fò nou konnen se pa fason sa a an premye yo panse maladi a pase soti nan yon moun tonbe nan yon lòt.  Aprann sa ki deja dekouvri sou kouman nouvo virus sa ap pwopaje nan sit sa:

https://www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov/about/transmission.html.

Ki sentòm ki montre maladi COVID-19 la sou ou?

Pasyan ki gen COVID-19 te montre siyn sa yo, ki ka pa twò sevè oubyen ki ka sevè tou, ki  sikjere ou ka pran maladi poumon sa. Siyn sa yo se fyèv - se tous- se difkilte pou w respire.  

Ki move konplikasyon ka genyen nan virus sa ?

Kèk paysan soufri opresyon, yon pakèt ògan nan kò yo pa fonksyone, epi nan kèk ka sa kose lanmò.

Kòman ou ka pwoteje tèt ou?

Yon moun ka pran kèk mezi prevantif chak jou pou pwoteje tèt li pou maladi poumon sa pa afekte li.  

  • Evite kontak dirèk ak moun ki afekte ak maladi a.
  • Evite touche je w, nen w ak bouch ou ak men w san li pa lave.
  • Lave men w souvan ak savon ak dlo pou omwen 20 sekond. Itilize yon dezenfèktan abaz alkòl ki genyen ladan li omwen 60% alkòl si savon ak dlo pa disponib. Si w tonbe malad, pou w evite ou pwopaje maladi a sou yon lòt moun, ou ta dwe
  • Rete lakay ou si w santi ou pa byen oubyen konnen ou malad
  • Kouvri bouch ou ak yon mouchwa papye si wap touse oubyen estène, epi voye papye a jete nan

 poubèl.

  • Netwaye, dezenfèkte plas ak objè kote moun ap manyen anpil.

Ki sa mwen ta dwe fè si mwen sòti yon kote virus COVID-19 deja ap gaye?

Si w te vwayaje nan yon rejyon kote virus la deja afekte, kapab gen kèk restriksyon sou mouvan kote w prale pou 2 semènn.  Si w devlope sentòm pandan tan sa a (fyèv, tous, dikilte pou respire), chèche swen medikal lamenm. Pa bliye rele biwo kote w prale pou w orans wen an avan pou w fè yo konnen ki kote w te vwayaje epi pou w di yo ki kalite sentòm ou genyen.  Lè sa ya ba w enstriksyon sou kòman pou kapab jwenn swen san ou pa ekspoze lòt moun ki bò kote w ak maladi a.  Pandan ou malad la, evite kontak dirèk ak lòt moun, pa sòti na lari epi evite vwayaje konnyèa pou redwi posiblite pwopaje maladi a pami lòt moun.     

Eske gen yon vaksin?

Pou konnyèa pa genyen yon vaksin pou pwoteje w kont maladi COVID-19 lan. Mwayen ki pi bon pou anpeche ou afekte se pran prekosyon chak jou, tankou evite kontak dirèk ak moun ki afekte epi lave men w souvan.   

Eske gen yon trètman?

Pa gen yon trètman spesifik pou maladi COVID-19. Moun ki pran nan maladi COVID-19 lan kapab chèche pran swen medikal ki pou ede yo jwenn soulajman anba sentòm yo.

Updated: Wednesday, March 11, 2020
Back to Top